Mwa oktòb se yon gwo tonton mwa. Mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl. Nan sans sa, chak jou ki jou nan mwa sa, Kafounews ap pibliye yon seri repòtaj, kritik, pòtrè, pwovèb, elt., anndan yon ribrik ki pote non:" Kreyòl nou ye". Pou w ka pi byen konprann, nou envite w li, kokenchenn kritik sa a, Valbrun Frantzley alyas Konpè Konsèy fè sou "Kach kach liben", yon liv ki pote siyati James Francisque.
Depi kèk touf solèy, nou konstate gen yon foure dwèt manch long k ap fèt anndan endistri literè ayisyen an, kote gen yon dividal ekriven isit kou lotbò dlo, plim yo chaje kou legba ak yon bann zèv atizay tout koulè, tout kalte. Enben, sanble se nan menm lojik pou djandjanyen literati kreyòl ayisyen an ak on bèl inivè flerizman, ekriven James Francisque limenm, pote vini “Kach kach liben” ki se yon kont filozofik ki vize pote kout men pa li nan rekonstui imajinè kolektif pèp ayisyen an. Koulya, vin di nou kouman eleman detèminan yo anndan sektè kiltirèl la wè tantativ sila ? “Kach kach liben” ki se yon kont filozofik ki oze nan dinamik sa, èske travay la pansab dorenavan nan jan li estriktire a? Si wi, èske gen yon politik djougan pou rive fè popilasyon an konsome li.
Nan tout sosyete kote moun kwè nan liv ak lakilti, toujou gen yon seri entistisyon ki bay tèt yo kòm misyon gadò tout aktivite ki enplike lespri. Li klè, jodi jou nan sosyete ayisyen an ki byen lontan pran nan yon pyèj diglosi olye li bilenguis, genyen prezans enstitisyon tankou Bibliyotèk nasyonal d’Ayiti (BNH), Direksyon Nasyonal Liv (DNL), elt., ki la pou jwe wòl sila an bon pwotektè/pwotektris patrimwàn kiltirèl, materyèl ak imateryèl peyi a. Antouka, si n ap konsidere travay James lan kòm yon sijè pretèks, nou kab di se yon gwo avanse filozofik ki fèt nan mannyè pou ede rekanpe eskanp figi panse itopik moun yo, ki avan tou mande yon atansyon total kapital vizavi sektè a.
Lè nou antre nan nannan liv sila, kote otè a ap rakonte nou istwa yon afriken yo te rele Kanmbyasou ki depi an Afrik , te nan goumen lakay li, pi presizeman nan peyi Kongo. Se te peyi ki t ap deplòtonnen filozofi « Kimountu » a. Anpasan mezanmi, filozofi sila, selon otè a, se ladan mo moun nan soti. Moun lan ki vle di antite ki jwenn sajès lavi li apati idantite kosmik lavi a. Kimountu a, se ansèyman ansestral ki penmèt nou konstui dimansyon moun lan. Vrèman pou misye te rive jwenn bon gou libète fètefouni lavi a ofri a se te sou rit « Kimountu » a.
Pilwen, nou te rive wè misye pa t danse kole ak sistèm kolonyal ki t ap feraye nan peyi li. Poudayè, Se tout rezon sa yo ki te pouse li mete kanpe yon lame ki batize « lame libète », toujou nan lide pou koupe fache ak tout ansanm pratik ki te mete libète moun yo an kesyon epi wè kouman li ka libere peyi li anba jeng vye sistèm mondyal ki t ap triwonfe a. malerezman, taktik li te anplwaye a te twò mèg, lakòz gouvènman ki te nan tèt peyi a te rive mete men sou yo epi rive vann yo kòm esklav ak blan yo. Sekonsa, misye te vin pase pami esklav bato negriye kolon yo te transpòte vini Sendomeng lan. Enben, lè esklav sila yo te debake nan koloni sendomeng, se te kwabosal yo te teri ak yo piske se la mache nèg la te ye. Bon chans pou Kanmbyasou ki ta pral koumanse pa wè sa gran kouzen l te di li, mouche Makak Koupesouf.
Li te di li :
- Kouzen, batay la pral long anpil, epi move anpil kou kong. Koumanse met kanson w nan tay ou. Sonje kouzen ! Premye so pa so. Sonje kouzen ! Ou gen pou w tonbe plizyè fwa nan batay la. Ou pral jwenn anpil tribilasyon ak move pas nan batay la. Sèl sa m pwomèt ou , m ap toujou akonpaye w, mennen w nan batay la.
Enben, se byen malere pou yon kolon, ki gen madanm li ki te rele Franchiz, ki ta pral etidye lafrans. Konsa, misye te mennen madanm li al achte yon esklav pou te ka kite akonpaye li nan bitasyon an, nan ede l jere fòtin li yo, piske li pa t fè ansyen esklav ki t ap travay nan chan li yo konfyans. Se byen konte mal kalkile, anparèt misye ak madanm li kwabosal, filing enèji kosmik ki t ap degaje a rive konekte Kanmbyasou ak madanm li san l pa wè. Lè madanm kolon an fin chwazi Kanmbyasou apre anpil payèt moun fou, kolon an oblije achte l piske se madanm li ki vle sa. Kòm moun yo, yo menm bagay ki te rive marye nanm yo a pa t nan lojik esklav la ditou tankou jan l te ye nan tèt kolon an, konsa, apre misye fin travèse pou lafrans, koze moun yo te vin fè bab. Kanmbyasou kòm yon entèlijan, li kouri vit afrikanize Franchiz ak sajès filozofi « Kimountu » a. Konsa, lè pitit tonbe koze a vin gaye. Koze a rive lafrans nan zorèy kolon an ak tout pitit li yo. Sa ki bèl nan istwa a, yo pa t janm panse bondje nèg yo te ka desann anpèsonn pou vin tranche jistis li nan bòl bondje kolon yo. Se anba lawont sila, kolon an antre ak tout pitit li yo pou vin dechouke Franchiz . Lè yo rive, yo vin pantan sou anpil fòtin mesyedam yo te gentan konstui. Enh enh ! Bon koulya se lòt estrateji yo blije anplwaye pou yo pa pèdi ni sak ni krab. Pousa, yo lage trak sou do Kanmbyasou di se kadejak li fè sou Franchiz, kididonk fòk yo touye timoun nan. poutan Franchiz di pa t gen bagay sa menm se lanmou ki rasanble yo. Nan ka kontrè se kolon Frandoneur ki pou lage pye l. Nan ka sa, èske li pwobab pou pitit la mouri ?
Li enpòtan nan tèks la, se pa premye fwa Franchiz te ansent pou Kanmbyasou. Men kòm ti gout dlo sila se dènye gout ki te pou ranvèse vaz la, kidonk timoun sa pa t ka tonbe malgre remèd fèy sou remèd fèy. Enben vle pa vle sa a te kole, anplis tou lwa danmbala ki danse nan tèt Kanmbyasou, te vin di l sa tou nan dòmi. Li te di l konsa, li pa bezwen kraze kò l, pitit sa, se pitit danmbala ak manzè èzili freda larèn dawonmen. Bon ! Pou jan otè a prezante makak la kòm gran kouzen Kanmbyasou nan tèks la, èske sa pa ta afebli travay la, nan dimansyon li apwouve demach Dawin nan ki di klè espès makak la se gran paran lòm ?
Depi nan lannuit douvanjou, kesyon moun nan te toujou rete yon entèwogasyon enpòtan. Premyeman, si n ap jete yon kout je kretyen sou koze a, selon teyori kreyasyonis ki nan labib la, nou kapab di moun nan li fèt apati yon enèji divin, kote sa gen plis pase 6 000 lane anviwon, se te an sis lòsyè jounen an vennkatrè tan, jan sa limenm li rakonte nan jenèz la. Dezyèmman, piske fòk te genyen on lòt kout flach ki plizoumwen rasyonèl sou koze sila, nou te rive rete tann jiska 1876 avèk Charles Darwin ki se on natiralis anglè ki ta pral vin mete aksan plis sou separasyon lòm nan ak chenpanze. Tankou li pa ta yon sekrè pou pèsonn, espès makak la se yon espès selon syantifik yo ki ta plis rapwoche lòm kòm on èt revolisyonis jan Darwin ta ka entèprete li a. Koulya annou fè yon ti rete la, selon lekti n sou toulède teyori yo, semyotikman kiyès ladan yo ki ta ka plis sanble ak filozofi « Kimountu » a ? Si n ap balanse toude teyori yo, li klè teyori kreyasyonis lan ki nan resi labib la, ta ka plis rapwoche filozofi « Kimountu » a ki kwè tout moun se moun nan epi k ap tante gade moun nan tou kòm on pwojè ki dwe reyalize, nan yon linèt kosmik kote li pa twò gen men miz sou divinite li. Tankou grandèt Manno Ejèn renmen di li : « papa loko ou se van, pouse n ale, na pote nouvèl ba yo… ».
1 Commentaires
Malaba
December 01, 2020 - 11:47:18 AMLanmen djanm kanmarad