Konfinman, Konpè konsèy pwopoze w 5 liv

Konfinman, Konpè konsèy pwopoze w 5 liv

Valbrun Frantzley alyas Konpè konsèy se yon majòjon mo, yon grenn palmis an ereksyon ki jwenn jou li nan komin vèrèt ( Dechapèl) nan lane 1997. L ap etidye kominikasyon ak dwa, li se manm Sosyete koukouy Ayiti, Kalbas Ayiti, manm fondatè ( RJDLECPRA) Regroupement des jeunes dévouent pour la lecture et la culture de Petite Rivière de l'Artibonite, manm ( RÈK) Regwoupman ekriven kreyòl ak klèb Moriso Lewa...

Li klè tankou dlo kòk, tout gwo wosiyòl ki renmen fè jouda nan literati, ta dwe kanpe bourik lekti yo sou senk liv sila yo :


1- Ponyensèl ( Dede jean Dorcély)

Liv sa se yon kokennchenn rekèy Nouvèl ki retrase istwa yon jèn demwazèl yo rele Mariklè, yon jèn fi pwovens nò peyi dAyiti, ki te sibi move tretman, abi otorite militè lame dAyiti, kote li fèt la menm. Li pran prizon, yo imilye l, yo vyole l. Apre anpil demach, fanmi l te rive peye 600 goud, nan kazèn nan pou yo te libere l ak dlo nan je l. Kisa jèn fi sa a dvni apre prizon an ? Eske l ap gen kouraj pou li kontinye viv nan sosyete a ak dosye vòlè mont, pandan gen 4 jandam ki derespekte tanp li, nan pase sou li plizyè fwa pou apeti seksyèl yo ? Kote lafòsbrital vyole tout dwa l dèyè do lajistis ?


2- Sezon papiyon ( Manno Ejèn)

Yon esè ki revandike ekriti kòm yon jès senbolik ki dwe chapante dèyè l yon pwojè kote estetisite ak etik pral antremele nan on latoudlin bèlteyis pou wouze lavi ak bon lodè rapadou.

Mezanmi ann koute kri powèm nan :

Nan vètij van vante
Sa pran kolorasyon papiyon
Trèy ak lateiye an vòltij
Pou selebre mayolò bèl sezon
Men se ki koulè li prale pote
Grenn ki bobo malenng mwen an


Pawoli fonn nan bouch
Koule lavalas sou lanng mwen
Bwote ale yon bann idòl
Ak pakèt imaj mwen pa konnen
Pòtre yon bondye pèpè
Ki kanpe ankwa nan kè mwen


Ti tak ti tak tan a' ape chape
Glise nan fant dwèt nou
Bann zetwal filant
Ki sou balans nou ye
Ak tout koze nou brase
N ape pran pèz monn nan



3- Balendjo: Revolisyon men goch ( Douglas Zamor)

Se yon pwezi batay kote chak mo, chak vè ape tire manchèt yo sou chwal ogou yo, sou menm rit la ak menm kadans lan, ou ta va di se nan on veritab senfoni powetiko-mistik, nan on fason lavi vle granmoun tèt li.

Ann koute souple :


Mwen soti byen lwen sou papiy letan
Ak on tikras nan vyeyès mwen
Pou m sa wouze sechrès andidan rèv
Nan Granbwa

Ou ta di nan peyi lòtbò dlo
Solèy tonbe tou vèt nan branch

Ayiti an zigdekontraryete
File nan vant yon imajinsyon
Twa fannal nan men goch
Ak sèt grenn lenvizib alawonyay

Pou m byen di w

Tout pèp ki kanni nan kwen
Dwe pase ak tout boulin anba tiyo revolisyon


4- Gout pa gout ( georges castera fils)

Gout pa gout se youn nan rekèy powèt la ki make m anpil, s on dividal mo k ap glise, fofile nan yon vwayaj manch long pou al keyi mounite nan branch frajilite pot bannou.

Gade travay mo yo :

Si lanmè te fou,
Mwen ki naje ak ti dwèt t ap tou fè fon.
Parèt m parèt,
Listwa blese m nan kè
Sou lanmè.
Kritòf kolon yo fè kolonn
Pou pran m nan zen,
Yo rale m mete atè.
Tout blese m blese, a se san pwason.
Tout odè m se sant lanmè.
Zekal sèlman ki poko leve sou mwen.



5- Kolye an denmon ( Valbrun Frantzley)
Rekèy pwezi sa se yon seri powèm ki sanble ak lavi nou, kon 2 gout dlo, se paranorama yon epòk fawouch ki pa sispann mete legzistans anfas tèt li.

Annou suiv powèm nan :

Nan kalfou Desalin
yon nanm anvlimen estasyone
l ap rale nyaj
l ap veye pase lavi

Li kouve tann lavi
li bouke tann lavi
lavi pase lòt ri
sa w tande a van an vire
li tchuipe
li fache
li dedouble
pimal pase loray sezon sèch

Yon lòt kadè
li pran on penso kanzo
li tonbe penn leta douvan dèyè
sou tout mi simityè

Epi li di
swa m fou nèt-ale
swa mwen tou atis
osinon m mouri ewo...

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • Kervens louis

    April 01, 2020 - 04:57:47 PM

    Mouin apresye yo, vreman bon travay pou Ekriven sa kenbe la.

  • Nègafrika

    April 22, 2020 - 12:10:40 AM

    Atchaba konpè.