Pwomès, yon latriye mo trese k ap voye flè pou libète lanmou

Pwomès, yon latriye mo trese k ap voye flè pou libète lanmou

Mo yo se tankou van an. Yo pa gen fas. Yo pa gen do. Nan Pwomès, Rekèy pwezi Lyonel Trouillot a, yo kanpe tennfas ap kale je, griyen dan, file lang yo kou ti koulèv madelèn nan Tipalmis sou tout lektirè djòl loulouz ki vle tout bon vre dekouvri kote lanmou pise. Nan liv sa a, mo yo donnen pawòl, pawòl ki montre klè kou dlo kòk fòs lanmou.

Mwen pa konnen
Si nan tout bagay
Yo kole a krache
Se lanmou ki gen plis fòs

Trouillot, ak kout plim sa yo rive montre mo yo konn trase kata, taye banda epi pote pwomès. Pwomès ki ka fè ri jòn. Pwomès ki ka fè reflechi. Pwomès ki mete pinga.

Antansyon, kanmarad,
sonje
tout kòd y achte pou mare men lanmou
se kou mèt li l sere
tout moun ki vle fout lanmou
kle kou
se li k mouri toufe

Se depi depi mesaj ap pote. Se depi nan ginen y ap tòtòt mo yo. Men nan Pwomès, mo yo deplòtonen sou konn fisèl kay bòs Masèl vandredi sen. Mo yo blayi sou tout liv la pou gaye nouvèl la, yon nouvèl ki plen ragagann ak doulè separasyon pote pou kè ki damou.

lè ou lwen
lavi m se on malonèt
chen pa ta fè kochon
anba on pye

Yon nouvèl ki chaje kou legba ak ti mòso lizay, lizay pou janbe lavi ak plis ladrès

Vole, pitit
pa gade liy chans ou
nan je lòt moun

liy chans ou se nan men w li ye

se wout ou ki kinan w
louvri wout pou w pase
louvri tan an

vole, pitit
Yon nouvèl k ap rele chalbare dèyè tout kolon ki vle bay lanmou kle kou. Yon nouvèl k ap chante libète, libète pou lanmou.

si nou sonje m nou di:
[...]
nèg sa te sòt anpil,
si m te mande l chwazi ant mwen ak libète m
se pa mwen l t ap chwazi.

Ki pi bon fason? Ki pi bon mannyè nou ta ka fini ak ti mòso pawòl sa a si se pa poze otè kokenchenn liv sa yon kesyon : ki pi bèl non lanmou?

mwen konnen
pi bèl non lanmou
se de timoun k ap bo,
yo bliye tout bagay,
yo pa tande pyès klòch,
pyès pinga
pandan lanjelis di swa,
enbesil la,
ap tye tèt li sonnen,
di: li lè pou n antre.


Sous: Le National

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

0 Commentaires