Souvnans, yon rekèy pwezi san ma.

Souvnans, yon rekèy pwezi  san ma.

Tout bèt jennen mòde. Anplis gen plizyè fason yo manje manyòk anmè. Wilkens Scott Fifi chwazi zam pa l. Yon zam ki pa konn ni Pè ni Pap. Li chwazi pwezi. Nan Souvnans , yon rekèy powèm li ponn nan lane 2016, powèt la pa pran koub ni tou li pa eseye bwè labouyi a sou kote. Sou konn Dukens Nazon, li ale dwat nan gòl la pou l ankouraje bon jan aksyon nan sousi pou anpeche doub sis mouri nan men peyi a.

Sekrè tan chita nan lespri ak fos aksyon
Piwèt pipirit senp
Pwoblèm nan se fistibal.

Nan bouke pwezi sa ki parèt anba labèl edisyon "Miroir" , ak yon kout plim konpè kòk Fifi desine figi peyi a ki make 20 jen 4 Avril.

Kontè nou konte jou twòp
Bourik nou fatige mezanmi
Zètòk fè kout san
Kraze blendè n
Pou kounya tèt mòn nou piwili
Sousèt ti bebe
Nan mont nou li 13 zè
14 lan pa lwen rive

Fifi lonje dwèt jouda li sou leta k ap bay grangou ak lamizè jarèt chak jou ki jou.

Nan lakou piblik
Degre mizè n toke kòn
Ak vapè solèy
Chichadò jaden n
Ak bout van nan men
Tranpe nan gode gaz nou
Si vant nou pa plen
Fòt leta

Tankou tout bon manman, otè a konn lè pou l fyèl bèf ak lè pou l siwo myèl. San l pa pèdi bann li renk voye flè, dewoule tapi wouj pou lanmou glise desann san ma nan asyèt lavi.

se ou ki plen tèt mwen ak zetwal
fè koukouy chante
koukouyoukou
se ou ki fè m dlo ble akwaryòm
ou san kannòt
pawòl mwen
se yon ti bato papye
yon grenn lanmidon kap pyese
chak gout nyaj wòz pou lapli
tonbe nan kè w
jodi a m konprann ke ou fè m S.A
yon antrepriz bèt volay
kote chak plim
se wozo pou nou layite
nan lonn

Yon powèt pa janm yon moun konsa konsa. Imajinasyon yo feyte pase ak lavi pou konprann pi byen jan limanite taye banda. Fifi denonse, li pwopoze, li fè djòlè pou lanmou nan Souvnans san li pa bliye egzòte manzè Mamoun.

ti mamoun ti mamoun
bay lwa w yo manje pito
ou siyen twòp diplòm
nan inivèsite w la
twòp karyann
donnen nan demen w
twòp aleken degrenn gòch
nan desten w ti mamoun

Sous : Le National

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • Malaba pitit plim

    February 08, 2020 - 12:57:50 AM

    Ewa kanmarad powèt!

  • Malaba pitit plim

    February 08, 2020 - 12:57:51 AM

    Ewa kanmarad powèt!