Lè a endiy

Lè a endiy

Nou toujou renmen di lè a endiy. Malerezman nou poko janm konsyan se pa sèlman lè nan mont yo ak nan revèy yo ki ka endiy. Nou poko janm konprann lè politik la, lè ekonomik lan ak lè sosyal la endiy an Ayiti.

Nan yon nòt primati a pibliye sou kont twitè li nan dat 9 mas 2022 a, li anonse lè a ap chanje nan dat 13 mas 2022 a sou tout tèritwa peyi a. San ankenn dout, se Premye Minis defakto Ariel Henry ki pran desizyon sa a sou baz arete prezidansyèl 7 mas 2012 la. Chak fwa nou rive nan peryòd sa a, se yon sèl chanson nou tande nan bouch tout ayisyen: lè a chanje. Nan peryòd sa a, lè ou bay yon moun yon ti lè oubyen lè yon moun mande w yon ti lè, li toujou ajoute eske se nan bon lè a oubyen nan ansyen lè a. Ayisyen konn gen anpil difikilte pou pran randevou ak moun lè lè a apèn chanje. Gen moun ki di lè prentan an se lè chanpwèl paske li mèt sizè nan maten, fènwa a tèlman pwès ou ta ka menm panse ou ka touche l. Men sa pifò ayisyen pa janm reyalize, sèke nèg ak nègès k ap fè politik an Ayiti, entèlektyèl k ap panse pou plat manje melanje ak boujwa ti koulout ansanm ak kèk grenn tiblan je vèt gen lontan depi yo chanje lè a sou nou.

Si n ap konsidere kèk endikatè devlopman tankou nivo edikasyon popilasyon an, pèfòmans ekonomik peyi a, estabilite politik, respè prensip bòn gouvènans yo, fonksyonman enstitisyon yo, nivo sekirite peyi a ak byennèt sosyal endividi yo, n ap kontate se pa jou dimanch 13 mas la lè a chanje sou nou. Pou nou pi byen presize sa ki nan panse nou an, nou kapab deklare se lè nan mont yo ak nan revèy yo ki chanje nan dat 13 mas 2022 a. Men pou sa ki konsène anviwonman kote n ap viv la, prensip ki dwe gide sosyete a pou fasilite viv ansanm nan peyi a, règ sosyete demokratik, respè dwa moun, sekirite ak libète pou nou sikile jan nou vle nan peyi a, enben sa fè lontan depi lè a chanje sou nou.

Lè a tèlman chanje sou nou, nou pa mache lannwit ankò. Lè a tèlman chanje sou nou, gen kote nan peyi a, espesyalman nan Pòtoprens, kote nou pa pase ankò tankou Matisan, Boulva Lasalin, Delma 2, Bèlè, Wout Nèf, Dwouya, Site Solèy, Kafou Avyasyon, Kwadèboukè pou site sa yo sèlman. Kèk grenn nan nou ki pran kouraj yo ak 2 bra pou pase nan zòn sa yo pou yon rezon oubyen pou yon lòt, se kòmsi nou tou ap mache ak sèkèy nou anba men nou. Lè a tèlman chanje sou nou, anpil nan nou oblije ap viv nan 2 kay, yon kay ki gen fanmi nou ladann (manman, papa, pitit, frè ak sè) epi yon lòt kay nou lwe oubyen nou fè ladesant pou nou kapab kontinye ale lekòl, ale nan inivèsite oswa kontinye kenbe ti djòb nou. Lè a tèlman chanje sou nou, nou pa ale nan plaj ankò, nou pa fè ti flann sou plas piblik ankò, nou pa ale nan sèvis legliz lannwit ankò, bann madigra pa pran lari ankò, rara pa sòti lannwit ankò.

Lè a chanje vre, e se nan tout sans li chanje. Lè jodia se lè nèg rantre nan pouvwa tranzisyon manch long san manda, san ajennda. Lè jodia a se lè kote ansyen opozan politik ki fè doktora nan mete beton an cho kapab siyen akò epi pataje gato pouvwa politik ak menm ekip moun yo te swadizan opoze ak yo a. Lè jodia se lè fanm kou gason okipe gwo pòs nan Leta, jwi tout privilèj Leta ofri san yo pap bay ankenn rezilta. Lè jodia se lè kidnapin ap dechalbore malere ak malerèz ak ti nèg ki te fè anpil sakrifis sou ban lekòl pou yo te kapab viv san yo pa nan di moun tanpri souple. Lè jodia se lè ensekirite ap taye banda epi ranpli pòch yon seri moun k ap fè komès zam anndan peyi a. Lè jodia se lè pou wè yon sivil monte nan yon bis epi fouye chak grenn pasaje ladann sou baz l ap chache bandi ki pote zam kòmsi li menm li gen dwa pote zam ki nan men li a epi tout sa anba 2 je lapolis ki pa pete bann santi. Lè jodia se lè kote pri tout bagay monte tèt nèg san ankenn Leta ki pou kontwole pri sou mache a.

Nou toujou renmen di lè a endiy. Malerezman nou poko janm konsyan se pa sèlman lè nan mont yo ak nan revèy yo ki ka endiy. Nou poko janm konprann lè politik la, lè ekonomik lan ak lè sosyal la endiy an Ayiti. Tout bon ayisyen konnen depi lè a endiy, fòk ou chache wout lakay ou, kidonk fòk ou aji. Se konsa tou parapò ak lè endiy sosyete a twouve l la fòk nou aji. Pa kite se moun k ap chanje lè a pou nou. Se nou tout k ap sibi lè endiy sa a ki dwe leve kanpe tankou yon sèlòm pou nou chanje lè a, si non n ap fenk kare pran nan fo lè.

Share

Citoyen Ken 25

Sociologue, Maître en études humanitaires

Laisser un commentaire

3 Commentaires

  • Maxon Sanon

    March 15, 2022 - 03:34:25 PM

    Kenbe fèm. Travay sa a w'ap fè la pou peyi a, li p'ap anven. Se pou BonDye kontinye beni w nan travay sa a e nan tout sa w'ap fè.

  • Alix Carestil

    March 15, 2022 - 03:36:05 PM

    Bon bagay citoyen Ken
    Depi lè à endiy pa bliye tout chanpwel nan lari. Siw sesa rete siw pasa jetew

  • Exantus Pierre Kendy

    March 15, 2022 - 08:49:27 PM

    Entèresan sitwayen Ken. Lè a endiy, edh pa bay pèsòn moso limyè pou klere chimen yo anndan blakawout san parèy sa a.